Ayiti-Kolera/MINISTA : Sendika Travayè Anseyan Inivèsite Ayiti kondane "zak represyon" (...)

18 novembre 2010 | LIDEJIS
Les habitants du Cap Haïtien manifestent contre la présence de la mission pour la stabilisation en Haïti, le 15 novembre 2010. Ils l'accusent d'avoir amené le choléra dans le pays par l'intermédiaire du bataillon népalais. Plus d'un millier de personnes sont déjà décédées du choléra en Haïti depuis le début de l'épidémie en octobre 2010. Photo de Julien Tack.

Nòt pou laprès Sendika Travayè Anseyan Inivèsite Ayiti( STAIA)

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse 17 novanm 2010

Les habitants du Cap Haïtien manifestent contre la présence de la mission pour la stabilisation en Haïti, le 15 novembre 2010. Ils l'accusent d'avoir amené le choléra dans le pays par l'intermédiaire du bataillon népalais. Plus d'un millier de personnes sont déjà décédées du choléra en Haïti depuis le début de l'épidémie en octobre 2010. Photo de Julien Tack. Sendika Travayè Anseyan Inivèsite Ayiti (STAIA) denonse epi kondane gro zak represyon fòs okipasyon an(MINUSTAH) fè jou ki te lendi 15 novanm nan vil Okap lan kote yo touye de manifestan anba bal. Represyon sa yo fèt sou manm popilasyon an ki t ap mobilize nan vil Okap ak Ench pou mande fòs okipasyon an bay peyi a. Manifestasyon yo tanmen aprè epidemi kolera fin gaye nan plizyè depatman nan peyi a epi fè pase 1000 mò. Yon maladi ki ta sanble rive nan peyi a avèk yonn nan kontenjan MINUSTAH yo nan depatman Atibonit la.

Pandan gouvènman restavèk Preval-Bellerive la refize fouye zo nan kalalou pou fikse responsabilite nan dosye sa a, fòs okipasyon (MINUSTAH) an deside fè fas kare ak gwo zam fann fwa avèk popilasyon sivil la k ap reklame dwa granmoun li. Se nan sans sa a, yo reponn manifestan yo ak gaz lakrimojèn epi bal. STAIA bay pouvwa Preval la responsab zak entimidasyon ak asasinay sa yo ki toujou dispoze defann enterè enperyalis yo ki gen bra ame yo nan peyi a depi 2006 kont dwa grandèt e enterè majorite popilasyon an. Se nan anbyans sa yo militan Janil Louis Juste tonbe nan kondisyon ki p a klè, lapolis reprime manifestasyon pwofesè yo jouk nan san kamarad Jean Philbert Louis jou ki te 8 oktòb pase a. Se pou sa tou, fòs okipasyon an ak lapolis toujou reprime tout leve kanpe etidyan, ouvrye, sektè pwogresis yo pou mande lavi miyò pou mas yo. Lanmò sitwayen sa yo dwe tounen gazolin nan motè machin mobilizasyon kont okipasyon ak kont estabilizasyon lamizè mas yo.

STAIA ap mande sektè pwogresis yo pou mete fòs yo ansanm pou konbat okipasyon ak tout fòm èksplwatasyon.

Potoprens nan dat 17 novanm 2010

Pou STAIA,

Gaspard Leunique

Renel Exentus

Louis Alvares

Artik sa parèt nan sitwèb Alterpresse : http://www.alterpresse.org/spip.php?article10269

 Site référencé:  Lidejis.org

Lidejis.org 

Grand forum du Bureau d'Etudes Ouvrières
14/04/2011
Communiqué de presse unitaire de l'ANG, du CIPPA, du PCG et de l'UPLG
16/02/2011
Sur le statut de territoire associé de Saint-Barthélémy
3/02/2011
Guadeloupe : Les belles histoires du "Gouverneur Fable"
30/01/2011
Présentation par le CIPPA de son projet d'évolution statutaire pour la Guadeloupe
25/01/2011
Itinéraire d'une pwofitasyon soutenue par l'Etat
19/01/2011